Wilgens Sterling

25 oct. 20211 Min

Zile Fraser, pi gran zile sab nan mond lan

Zile Fraser : konsidere kòm yon pi gran zile sab nan mond lan. Li plase a 200 km nan nò vil Brisbane, ki nan peyi Australie. se yon sit patrimwàn mondyal UNESCO chaje ak dekò plaj vrèman bèl, anpil forè, chaje ak sab ki nan 240m de wotè, mare ak lak nan tout kwen zile a.

Li vrèman gen tout bagay pou fè plezi ak vizitè li yo, sof ke li chaje ak danje nan chak rekwen li. Pami potansyèl danje yo, genyen : atak dingo oubyen reken, piki meduz, arenye mòtèl oubyen python e san bliye frakti ke yon moun ka sibi nan tante plonje nan mare. ajoute sou sa, dlo mare a kap monte e desann ak yon vitès eklè.

Sekouris yo toujou kontwole 40 a 50 apèl an ijans pandan peryòd estival la. Se pou sa li rekòmande pou yon moun vizite zile sila ak yon gid akonpanye l, paske risk yo gran anpil, men pap gen pi bèl eksperyans lèw rive pase moman sa san frakti ak blesi ki vrèman ra. Loll


    100
    0