Wilgens Sterling

16 oct. 20211 Min

Saut-Mathurine

Ou anvi al pran yon bon van, paske ou santiw strese, kapital la ap fini avew. Ebyen m ap sijere w yon bel ti kote ki kalm, bel nan Camp-Perin, nan sid la. Kote ou pral gen chans admire "Saut-Mathurine", youn nan kaskad dlo ki pi wo e pi bel nan peyi Ayiti.

Li mezire 27 mèt de wotè e anviwon 30 mèt nan lajè. Kaskad enkwayab sa pwolonje sou larivyè lefrat nan kavayon e li al koule nan yon basen natirel kote wap gen posibilite pou benyen aprè yon jounen fatigan nan mache eskplore peyizaj anviwonman an.

Dlo sa tou itilize pou yo pwodwi kouran pou tout ti bouk Camp-Perin an ak Manich.

Wal vizite la deja?🥰


    170
    0