Wilgens Sterling

14 sept. 20211 Min

Le Pont D'or (Golden Bridge)

Pont D'or oswa Câu Vàng nan langaj Vietnamyen. Pon Sa sitiye'l nan peyi Vietnam, presizeman nan yon vil ki rele : "Dà Nang" li gen Yon longè de 150 Mèt e li gen Yon wotè de 1400 m.

Pon Sa te konstwi pa yon sosyete ki rele : "TA Landscape Architecture", nan objektif pou sèvi distraksyon pou touris yo paske li ofri yon peyizaj enkwayab ki bay anvi kontanple e li pèmèt ou wè tout sa kap pase nan mòn yo. E touswit aprè inogirasyon mèvèy sa; li te devni referans ki pi rechèche sou nèt la.

Anplis de tout sa yo; li te klase pami 28 pon ki pi mèvèye yo nan mond lan pa yon sosyete ki rele "Business Insider".

Ou pa ta renmen al vizite mèvèy sa tou?🥰


    840
    0