Wilgens Sterling

6 mai 20211 Min

Lac Baikal, yon mèvèy ke w dwe konnen...

Nan SID Siberi, Lac Baikal prezante yon espektak mèveye pandan sezon ivè a. Lak tikwaz la tounen glas diran mwa mas la, e kreye de seri de gwo blok glas ki vrèman enkwayab a gade. Lak Baikal la, sitiyel nan vil « Listyyanka nan vil siberi », ofri yon espektak ekstraòdinè an ivè pou touris. Lak dlo dous sa rekonèt kòm pi ansyen lak nan mond lan e ki gen yon bèl pwofondè tou. Dlo a gen yon koulè tikwaz e li bay yon aparans majik. Nan peryòd fredi, de janvye ak me, lak la jele anpil. Sèlman, nan peryòd mwa mas, glas la fele e sa koz ou ka konstate de seri de gwo blòk glas ki gen koulè tikwaz enpresyonan. Fotograf yo se prensipal benefisyè espas mèvèye sa.

    640
    0