Wilgens Sterling

16 nov. 20211 Min

🗺🧭 Gouffre de Baatara

« Gouf 3 pon, oubyen « Gouffre de Baatara », li twouve’l sou wout ant « Laklouk ak Tannourine » a 5 minit de vilaj Balaa, nan peyi « Liban ». se pou rezon sa yo rele’l tou « Gouffre de Balaa ». Brèf, yo rekonèt li sou 3 non diferan !

Yo te dekouvri l nan lane 1952 pa yon « spéléologue » fransè Henri Coiffait, kote sa vreman enpresyonan nan sezon prentan, paske la gen yon kaskad 90m de wotè. Dimansyon twou sa vreman kolosal e enpresyonan : li gen 250m pwofondè pou 260m lajè. Vizitè yo renmen ale la nan sezon prentan, answit sezon dete espektak « L’oued Baatara” fòme yon kaskad 90m de wotè tonbe dèyè 3 pon yo, avan li rive nan 250m pwofondè twou sa (Gouffre). Danje men amizan !

Ou tap dakò rantre nan yon twou konsa ?🤔


    70
    0