Wilgens Sterling

2 déc. 20211 Min

Chit dlo "TAD SAE" yo nan peyi Laos

Trè bel chit dlo klè e transparan ki rele « TAD SAE » yo sitye a yon ventèn de kilomèt de “Luang Prabang », nan nò peyi « Laos ». yon ti kras mwen touristik ke chit « Kuang » ki se vwazin li, epoutan yo ofi yon espektak ak pran von ti-beny eksepsyonel ou nan divès « benwa » an eskalye antoure ak nati vejetal li a.

Sit sa itilize sa gen plizyè ane de sa, yo te konn itilizel kom sant parada k defile elefan, òganize pa plizyè ajans vwayaj lokal. Yon ti restoran ofri peyizaj panoramik sou chit yo e’l sèvi yon pla tipik a rejyon « Laotiennes » lan. Sit la akeyi chak week-end nan lè dejene a anpil fanmi ‘laotienne’ ki vin nan ‘pik-nik’. Daprè elòj vizitè yo, yo di se vrèman paradizyak.

Gen kèk ki vini sou « Scooter » e genyen ki vin sou lòt mwayen transpò nan dlo enkwayab sa, klè, transparan pou rafrechi yo sou solèy la. Pran ti dejene nan sel grenn restoran rejyon an, avek fanmi local yo ki an konje. Gen plizyè elefan nan alantou an kap tann touris pou yo ka pwomennen avek yo jiska kaskad la pou yo pran yon ti-beny sou do elefan an ke yo vreman apresye sa. Se yon aktivite ki pa twò vrèman rekòmande etandone fason ke yo te drese ak eksplwate elefan sa yo.

Pou’w rive jwenn chit « Tad Saé » a, aprè’w fini woule 15 kilomèt depi “Luang Prabang” (nan minibus oubyen scooter), wap Selman pran yon bat oak mote pouw ka pase “Nam Khan) ki se yon flèv de “Mekong”.


    160
    0